Back to network






LEVE KANPE AYITI

REVOLISYON PèP LA KOMANSE | NOU PAP Fè BAK

Vin fè pati revolisyon an!
Prev
Next

Minokan | nou tout ansanm fè youn

Minokan se kè mouvman revolisyonè an—yon espas sakre kote estrateji, inite, ak aksyon reyini pou demantle sistèm koripsyon k ap kraze Ayiti. Rete konekte ak sajès zansèt nou yo, Minokan se plis pase yon rasanbleman; li se fondasyon yon nouvo epòk kote dyaspora a ak pèp la mete men ansanm pou reprann souverènte, rebati nasyon an, epi garanti yon avni jistis ak pwosperite.

Antre Minokan kounye a!
  • patriyotis

    75%
  • konviksyon

    50%
  • entegritE

    85%

Moman Revolisyon an Rive -- Soti lan rezistans poun ale nan viktwa!

Inite Pèp la: Kraze Chenn Enjisitis pou yon Nouvo Ayiti!

Revolisyon pèp la kòmanse--Soti lan rezistans jiska viktwa final!

Pèp Ayisyen an soufri twòp depi lontan anba yon sistèm koripsyon ki vòlè diyite nou, richès nou, ak lavni nou. Men, nou dwe konprann yon sèl bagay: revolisyon pa ka fèt san lajan! Nou pap goumen ak men vid, paske libète nou mande plis pase bon jan entansyon—li mande estrateji, òganizasyon, ak fòs ekonomik.

Lè nap mennen batay sou teren an kont sistèm opresif la, nap travay an menm tan pou libere pèp la finansyèman. San kontwòl sou ekonomi nou, nou pap janm gen yon vrè chanjman. Se poutèt sa nou ap mete tout estrateji anplas pou konstwi yon nouvo sektè prive—yon sektè ki mete Ayiti ak pèp Ayisyen an an premye! Se yon apèl pou chak patriyòt Ayisyen—kit se gason ou se fanm, san konsiderasyon relijyon, afilyasyon politik, oubyen pozisyon ekonomik ou. Si ou bouke ak fo promès yo, ak jwèt ti pas kout yo, ak sistèm ki kenbe nou nan mizè a, moman aksyon an rive.

Nou pa ka kontinye mande chanjman pandan nap neglije youn nan pi gwo zouti pou nou libere tèt nou: LIBÈTE EKONOMIK NOU! Vin jwen nou! Ansanm, nou pral kraze sistèm lan, nou pral rebati Ayiti, reprann kontwòl tout teritwa pèdi yo, epi asire ke pouvwa ekonomik ak politik la retounen nan men pèp la.

Revolisyon an kòmanse kounye a—epi li kòmanse avèk ou!

Pèp Vanyan pa Janm Mouri ajenou—ni li pa janm pèdi Batay!